Posts

Showing posts with the label Creole

Aktive Mikro Zoom Nan

Image
  Lè yon moun ap patisipe nan yon reyinyon sou Zoom pou premye l ap bezwen suiv etap pi ba yo pou l kapab aktive mikro a. Depi aplikasyon fin telechaje . Konekte mikro a Depi w fin klike sou lyen reyinyon an, l ap ouvri yon paj ki sanble ak sa. W ap wè ikon Join Audio . Gen yon mikro k ap afiche, akoz ba wouj ki pase sou li a li Unmute . Klike sou mikro a pou w ouvri l, sa vle di “Mute”. Kounya klile sou Wifi or Cellular Data pou w ka afiche mikro a sèlman. Ba wouj la pa la ankò. Moun ap tande w lè pale. W ap kapab moun tou lè y ap pale. Ouvri videyo  Se apeprè menm bagay ou fè lè w bezwen louvri videyo oswa voye tèks mesaj bay moun k ap asiste reyinyion an. Men kijan w ka fè sa: Se prèske menm jan pou w louvri videyo a pou moun ka wè ou lè w ap pale. Klile sou Start Video .  Pa egzanp nan imaj sa a ni videyo a ni mikro a ouvri. Voye tèks mesaj Zoom bay posiblite pou voye mesaj toupandan ou nan yon reyinyon. Pou w fè sa, ale sou Chat . Epi klile Tap here to chat . ...

Kreye Yon Imel Etap Pa Etap

Image
Kreye yon imel Gmail se yon pwosesis ki senp. Suiv enstriksyon sa yo etap pa etap pou w kreye youn: 1. Asire w telefòn, tablèt oswa nenpòt aparèy w ap itilize a konekte ak entènèt pou w ka kreye imel la.  2. Lanse yon navigatè entènèt tankou Google Chrome, Mozilla Firefox, Safari, oswa Microsoft Edge. Si w ap itilize Google Chrome w ap jwenn ik ó n navigatè a sou ekran aparey w ap sèvi a. 3. Tape " www.gmail.com " nan ba adrès ki anlè navigatè a epi voye l ale. 4. Nan paj Gmail login, ta dwe gen yon opsyon Create account oswa Sign up la. 5. Yon fòm ap parèt k ap mande enfòmasyon tankou: First Name and Last name Choose a username (sa a pral adrès imel yo, kidonk li bezwen inik) Create a password chwazi yon modpas moun pa ka devine, pou sekirite) Confirm the password 6. Bay yon nimewo telefòn rekiperasyon oswa yon lot adrès imel pour rekiperasyon imel w ap kreye a. Sa a enpòtan tou nan ka ou bliye modpas la oswa bezwen refè kont la. 7. Antre Date of Birth ki kòrèk epi ch...

Yon Metòd Pou Aprann Ki Diferan (Creole)

Image
Metòd Assimil la ! pwopoze yon nouvo fason pou aprann yon lang lè w fenk ap kòmanse. Non sèlman li diferan parapò ak lòt metòd yo, men ou santi w pi anvi aprann lè w itilize metòd sa. Ann gade ki jan li fonksyone. Assimil baze toudabò sou: repetisyon, angajman moun nan, aprann selon kapasite ou. Metòd pou aprann: repetisyon Metòd sa an se menm prensip timoun itilize pou aprann lang manman yo ki fèt yon fason natirèl. Ou kòmanse aprann grenn mo ak gramè ki mache ak mo a, fè repetisyon, epi chècke okazyon pou itilize sa w aprann. Pou ranfòse aprantisaj la, Assimlil ankouraje byen koute son pwòp vwa w epi fè repetisyon plizyè fwa. Yon fason jeneral yo rele modèl sa metòd "repetisyon an". Apwòch ki itilize: angajman  Chak leson gen egzèsis pratik moun k ap aprann ap bezwen fè. Egzèsis sa yo la pou pèmèt moun nan ret konsantre sou aprann lang la. Pa egzanp, se gendwa tradui yon fraz kout, reponn yon kesyon, oswa kreye yon dyalòg. Se yon seri aktivite ki fasilite aprantisaj yon fas...